*WoodTerrib*
“Depi Talanw Pou Ou – Ou dwe tretel an mèt li” Se konsa Atis la wè bagay yo e se sak fè anpil fwa vale rim MC a. Wood Terrib Yon jèn boure ak talan kap rakonte nou Istwal Ak RAP, .anpil moun pa konnen MC sa ki se ansyen manb Piwo Records men ki te Voye yon Punch sou ansyen Label li sou mizik G’s Up la ke Dug g te reponn -Depim Di Krik Nou Ta Dwe Repon Krak Eben se nan fason nou ap prezante Wood Terrib jodi a.
Dynastyhaiti.com: Bonswa Woodterrib kijan w ye?
Wood Terrib: nou anfom wi la!!
Dynastyhaiti.com :Eskew ka fè yon kout prezantisyon pou kiyès ki WoodTerrib la pou moun kap swiv ou sou www.dynastyhaiti.com?
Wood Terrib: Mwen se Wood Baptiste, Mwen konn fe grafiti, mwen se dansè, foubolè, de 5an rive jodi map jwe foutbòl. Mwen fè penti sou twal e mwen fè 12 peyi nan foutbòl. Mwen soti nan zòn Simon-Pele epi konya mwen abite bon repo ak fanmi depi yon lane!!!
Dynastyhaiti.com: Eskew ka di nou kijan ou te fè antre nan Mouvman sa ki se RAP Kreyòl?
WoodTerrib: Pou mwen klè mwen antre nan rap gras a Abojah ki te wèm ap RAP nan lekol mwen epil dim vini kotel lakay li. Lè mwen rive lakay li banm yon liriks li fèm lage l’ sou yon beat. Lè m’ fin lage li wèm kapab li tou metem nan yon group ki rele ZODJAK kise group zòn nan Simon-Pele
D: eske gwoup sa egziste Pou moman sa nap pale la?
W: Wi li toujou la e mwen toujou fè pati de Gwoup sa menm jan tou Abodja toujou nan gwoup la…
D: Nou konnen gen yon Maxi-Tape ki se krik Krak, eske se Maxi gwoup la ou pou ou pèsonelman?
W: krik krak se Maxi pam , sa vle di se solo mwen li pa pou gwoup la menm sim fe pati de gwoup sa.
D: Eske malgrew kew ap travay an solo pandan w nan group la, pa deranje gwoup la?
W: non! Solo a pa deranje group la paske se tout neg nan gwoup la kap travay en solo pou met ZODJAK an valè.
D: eske nou ka di Abojah se li ki ekri pou ou?
W: non depi lem antre nan rap se inspirasyonm kap ranpli paj mwen. Depi nan premye met vwam nan estidyo avek zodjak se mwen ki te ekri pou jouk jodi a!
D:Koulyea eskew ka Pale nou de “Krik Krak” Maxi a?
W: Krik Krak maxi se yon maxi ki fèt poianonse yon istwa. Li fet pou anonse ISTWA GETO’M kise mixtape map prepare a…Maxi a gen 8 mizik sou li. Gen yonn ki deja videyoklipe ki se FRUSTATION ke m’ invite tout moun al tande pou fè plis konesans ak mwen e ak istwam!
D: eskew gen moun kap prodwi karyè solo ou,ou eske se Abojah ki toujou avew?
W: Goevil Music se ak yo mwen ye. Se yo ki jere tout sam ap fè menm andeyò mizik.
D: eske se yo ki te fè apel a ou ?si wi, kijan aproch la te ye?
W: yo pat fèm apròch paske yo te deja avèm se nèg bò lakay mwen ki toujou e vle sipote jèn a talan..
D: nan janw pale la, nou tou wè ke mixtape la se yo kap prodwi l’ Se pou ki lè soti mixtape la?
W: se pou byento nou pa dat presi epi nou pa prese ditou pou n’ ka pote bon nouvel!
D: bon Woodterrib eskew ka di moun kap swiv ou sou www.dynastyhaiti.com yo poukiw chwazi fè RAP?
W: mwen jis wè tet mwen ak mouvman an sanble. Mwen nan sans li e l’ nan sans mwen se pou sa mwen chwazi fè l’!
D: kijanw wè mouvman antanke yon jèn Rapè?
W: mouvman an bese plat. Tout neg ki nan li ka wè sa chaje dechè anplis rapè yo manke profesyonèl. Nan teks yo pou yo ta touche kouch ki ka investi a pou yo vin nan mouvman an yo pa fèl . Mwen wè mouvman an pa trò gen moun kap panse pou li!!
D: eskew wè tèt ou kom yon solisyon pou mouvman sa ou wè ki tonbe plat la?
W: Nesans mwen gentan on avantaj pou mouvman koz mwen fè hip hop full nan sans ou byen yon lot . Mwen se yon solisyon pou hip hop san w pa retire antite rap lan…deja gen diferans ant rap kreyol ak rap ayisyen. Pou l’ rap ayisyen nou te dwe vann kilti nou an ak tout lot bagay pozitif nou genyen epi reyalite n’ sa n’ viv…ex: “istwa getom” “yo fin kwè” “kwaze le 8” “kiltivatè” tout sa yo van kilti nou yon ti kras epi RAP kreyòl an laj se Rap nou anvi fè ke n paka fe byen a…
D: se sa ki ap trete nan tèks yo ke rapè yo ta dwe chanje selon ou wi la Woodterrib,tou di nou kisa Klasik sa ki rele ” YO PA GEN MEMWA ” anonse?
W: li anonse karyè kwasant mwen e wi nèg yo ta dwe repanse sou fason yap ekri…
D:kisa ki inspirew yon tèks parey? Ladanl nou wè w’ ak yon estil reggae tou?
W: Mwen fè mizik, m pa rap selman. Mwen se patamodle nan mizik. Mwen pran fòm mwen vle ladanl. Wi..pou teks la se sa m’ ap di w la. mwen inspire l’ de sa m’ viv se reyalite m, mwen rakonte reyalite tout ayisyen!
D:eske Mizik ki rele YO PA GEN MEMWA a ap videoclipe?
W:mwen ak staf la poko diskite sou sa depi sa ap fet dynastyhaiti.com ap okouran
D: ki feed back ou gen de mizik sa depi sotil?
W:sa ap byen mache wi moun toujou ap relem pou konplimante m’e map pwofite di tout mesi la
D: koulya eskew ka pale nou de rèv ou pou mouvman sa ?
W: rev mwen pou mouvman an se ede l’ touche yon lòt zorèy, ba l’ yon lot koulè pou tout kouch aksepte l’. Tout sa m’ vle se chajman nan mouvman an!
D: eske pa gen rapè nan movman an ke w gade tankou model pou ou?
W: wi…tout atis ki nan mouvman an se modèl mwen paske m’ pa pi bon pase yo, e m’ gen respè pou yo tout,men mwen toujou bat pou tèks pam gen fon ak fòm se sa pou mwen ki yon vrè tèks. Mwen pa vle fè Egotrip!!
D: eske sa rive deja ke yo fèw demand pou yon program?
W:wi men se plis geto yo ak pwovens yo ki enjoy Woodterrib
D: si yon moun bezwen kontaktew pou program kote yo ka jwenn ou?
W:Yap jwen mwen sou twitter sou @woodteribsp pou konnen tout sa map prepare e ka rele sou 50936590099/ 509347829511 rele
Pou nou pran Krik Krak Maxi a tou sou nimero sa yo!
D: yon denye mo pou tout fan mouvman, e fan ou yo?
W: Mwen ap di tout fan mwen yo ke inspirationm se pou yo, sa vle di tout otanm ap rap, mwen pap janm gen denye mo pou yo. Mwen vle tout fan mwen yo rete nan liy pozitivite epi y’ap gran. Pyès moun pap yo menm si diyite yo tonbe alòs edikasyon se premye bagay la poum pa di lekol selman!!
D: www.dynastyhaiti.com remèsyew Woodterrib nou swete siksè nan mouvman an!!
W: se mwen ki pou remèsye nou pou travay serye nap fè nan mouvman an e pou pòt nou ke nou ouvri pou mwen mèsi!!!
“Lwayote Pa Vle Di Sou Met Menm Jan Grandi Pa Vle Di Frape Pye Sou Met”
www.dynastyhaiti.com